Fèy Enfòmasyon Sou Konsantman Eklere

Tit Etid pou Rechèch la: NYC Neighborhood Wellness Survey

Anketè Prensipal: Sasha A. Fleary, PhD – Pwofesè Asosye

Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil New York la (Depatman Sante NYC) ap kolabore avèk Lekòl Ansèyman Siperyè Sante Piblik ak Politik sou Sante Inivèsite Minisipal New York la (CUNY Graduate School of Public Health and Health Policy, CUNY SPH) pou aprann ki konsekans pandemi COVID-19 la genyen sou sante mantal ak sante konpòtman moun New York yo. NYC Neighborhood Wellness Survey a gen kòm objektif idantifye pwen fò ak atou ki pèmèt rezilyans pami granmoun yo nan NYC. Enfòmasyon yo jwenn nan sondaj sa a ap ede Depatman Sante NYC an ranfòse sistèm sante mantal, sante konpòtman, ak toksikomani yo gras a amelyorasyon òf sèvis yo pou pi byen reponn bezwen piblik la. Y ap mande ou patisipe nan etid pou rechèch sa a poutèt ou se yon rezidan Vil New York ki gen laj omwen 18 an. Li ta bon pou w ta patisipe pou ede Depatman Sante NYC an kontinye amelyore jan l ap sèvi kominote a.

  • Si ou dakò patisipe, n ap mande ou reponn yon sondaj sou eksperyans ou ak konpòtman ou nan sa ki gen pou wè ak pandemi COVID-19 la. Sondaj la ap pran apeprè 15 minit pou w fin reponn li.

  • Etid sa a pa gen okenn risk pou sante kò ou. Men, gen yon ti chans pou w santi ou malalèz reponn kèk nan kesyon sondaj la. Si ou pa swete reponn yon kesyon, ou ka sote li epi ale nan pwochen kesyon ki nan sondaj la.

  • Poutèt nou pral sèvi ak repons ou yo pou ede Depatman Sante NYC an amelyore jan li travay avè w ak lòt manm kominote a, etid sa a gen dwa bon pou ou ak kominote a poutèt oumenm ak lòt manm kominote a gen dwa vin gen yon eksperyans pi itil ak Depatman Sante NYC an.

  • Si ou dakò patisipe, n ap kolekte epi sovgade kowòdone ou yon kote separe pou nou kapab kontakte ou pou lòt etid pi devan. Enfòmasyon nou kolekte nan sondaj la p ap relye ak kowòdone ou yo. N ap konbine enfòmasyon sondaj nou jwenn nan men tout patisipan yo nan rapò nou an pou yo pa kapab indantifye ou.

  • Patisipasyon w lan konplètman volontè. Si ou deside a nenpòt ki lè pandan etid la ou pa swete patisipe ankò, ou te mèt wete konsantman w lan epi sispann patisipasyon w lan san ou pa ni sibi penalite ni pèdi avantaj. Ou gen dwa chwazi tou pou w pa patisipe nan etid la san ou pa ni sibi penalite ni pèdi avantaj.

  • Si yo chwazi fanmi ou pou patisipe nan etid sa a, ou resevwa yon rekonpans $5 pou reponn sondaj la ke ou te jwenn nan premye lèt envitasyon an. W ap resevwa yon lòt $20 lè ou fin reponn sondaj la.

Patisipasyon ou nan rechèch sa a volontè.

Si ou gen kesyon, ou ka kontakte Sasha Fleary nan 646-364-9675 oswa nan nycnws@sph.cuny.edu.

Si ou gen kesyon sou dwa ou yo kòm patisipan nan rechèch oswa si ou ta renmen pale ak yon moun ki pa youn nan chèchè yo, ou ka kontakte Administratè Konfòmite nan Rechèch CUNY an nan 646-664-8918 oswa nan HRPP@cuny.edu