Byenvini nan NYC Neighborhood Wellness Survey a

Enfòmasyon sou Sondaj la

NYC Neighborhood Wellness Survey a (NYC NWS) se yon sondaj pa lapòs Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil New York la (Depatman Sante NYC an) ap fè an kolaborasyon avèk Lekòl Ansèyman Siperyè Sante Piblik ak Politik sou Sante Inivèsite Minisipal New York la (City University of New York Graduate School of Public Health and Health Policy, CUNY SPH) pou pran nouvèl sante moun New York yo, enfliyanse desizyon sou pwogram sante yo, epi pi byen konprann ki konsekans pwoblèm sante yo genyen sou rezidan NYC yo.

Rezilta sondaj sa a ap sèvi pou aprann plis sou sante ou, sante katye w lan, epi pote enfòmasyon pou desizyon sou politik ak finansman pou kore pwogram k ap amelyore sante moun New York yo.

Patisipasyon ou ap ede Depatman Sante NYC an idantifye kijan pou li pi byen kore sante moun New York yo, epi an retou y ap peye ou pou tan ou.

Vin jwenn nou nan lit pou amelyore lavi tout moun New York yo.

Pran yon ti moman pou reponn NYC Neighborhood Wellness Survey a.

Kiyès Ki Ka Patisipe

Y ap chwazi fanmi owaza nan toulè senk minisipalite Vil New York yo (Manhattan, Brooklyn, Queens, Bronx, ak Staten Island) pou yo patisipe.

Y ap envite moun New York ki gen laj omwen 18 an pou yo reponn sondaj la. 

Ou ka reponn sondaj la nan lang anglè, panyòl, chinwa tradisyonèl, chinwa senplifye, ris, ak kreyòl ayisyen.

Kòman pou Patisipe

Etap 1

Gade nan bwat a lèt ou pou wè si ou resevwa NYC Neighborhood Wellness Survey a. Si ou resevwa sondaj la, yo chwazi fanmi ou owaza pou patisipe nan etid la.


Etap 2

Chwazi bon moun nan lakay ou pou li reponn sondaj la:

  • Si ou se sèl granmou (laj omwen 18 an) lakay ou, nou vle pou se ou ki pou reponn sondaj la.

  • Si ou rete avèk plis pase yon sèl granmoun, se granmou ki gen fèt li ki pi pre rive a ki pou reponn sondaj la.


Etap 3

Ranpli tout sondaj la nèt. Sa pa ta dwe pran plis pase 15 minit pou w reponn li. Patisipasyon w lan se yon bagay volontè, konfidansyèl, epi se pou rechèch sèlman. Pou aprann plis sou dwa w antanke patisipan, vizite paj Konsantman an.


Etap 4

Voye sondaj ou fin reponn nan remèt nan anvlòp tou peye yo ba ou a.


Etap 5

Resevwa yon lòt $20 kòm remèsiman nan men nou.