Kesyon Yo Poze Souvan sou NYC Neighborhood Wellness Survey

  • NYC Neighborhood Wellness Survey a (NYC NWS) se yon sondaj pa lapòs Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil New York la (Depatman Sante NYC an) ap fè an kolaborasyon avèk Lekòl Ansèyman Siperyè Sante Piblik ak Politik sou Sante Inivèsite Minisipal New York la (City University of New York Graduate School of Public Health and Health Policy, CUNY SPH). Objektif sondaj la se idantifye sa moun New York yo bezwen nan sa ki gen pou wè ak lasante epi ede Depatman Sante NYC an elabore nouvo fason pou reponn bezwen sa yo pou amelyore lasante nan vil nou an.

  • Yo chwazi owaza plis pase 200,000 fanmi nan toulè senk minisipalite Vil New York yo (Manhattan, Brooklyn, Queens, Bronx, ak Staten Island) pou yo patisipe. Pa gen anyen pèsonèl nan chwa a epi li pa gen anyen pou wè avèk karakteristik moun ki rete nan kay la. Si yo chwazi fanmi ou owaza, sa vle di gen yon granmoun (laj omwen 18 an) lakay ou ki kalifye pou reponn sondaj la. Si ou se sèl granmoun lakay ou, se ou ki pou reponn sondaj la. Si gen plis pase yon granmoun lakay ou, se granmoun ki gen fèt li ki pre rive a ki dwe reponn sondaj la. Apati de lè fanmi ou resevwa premye lèt envitasyon an, w ap gen jiska 10 semèn pou reponn sondaj la.

  • Gade nan bwat a lèt ou pou wè si ou resevwa NYC Neighborhood Wellness Survey a. Si ou resevwa sondaj la, sa vle di yo chwazi fanmi ou owaza pou li patisipe. Se sèlman fanmi ki resevwa sondaj la pa lapòs ki ka reponn sondaj la.

  • Ou ka fin reponn sondaj la nan 15 minit.

  • Patisipasyon ou ap ede Depatman Sante NYC an idantifye kijan pou pi byen kore sante moun New York yo gras a idantifikasyon domèn bezwen yo ak amelyorasyon finansman ak resous pou kominote NYC yo.

  • Si yo chwazi fanmi ou owaza pou reponn sondaj la, w ap resevwa $5 senpleman poutèt ou ouvè anvlòp sondaj la. Moun ki reponn sondaj la ap resevwa yon lòt $20 kòm remèsiman nan men nou. N ap voye lèt remèsiman ki gen rekonpans $20 yo kèk semèn apre nou fin resevwa sondaj ranpli an.

    Si ou te reponn sondaj la epi ou pa resevwa lèt remèsiman, tanpri rele 833-883-0189 (gratis) oswa voye yon imèl pou info@nycnws.org pou pale ak yon reprezantan sondaj la. Se yon sèl moun pa fanmi ki kalifye pou resevwa rekonpans $20 anplis la poutèt li reponn sondaj la.

  • Suiv enstriksyon yo nan seksyon "How to Participate" (Kijan pou Patisipe) a sou sit entènèt sa a pou konnen kijan pou w reponn epi remèt sondaj la.

  • Si yo chwazi fanmi ou owaza pou reponn sondaj la, w ap resevwa $5 senpleman poutèt ou ouvè anvlòp sondaj la. Moun ki reponn sondaj la ap resevwa yon lòt $20 kòm remèsiman nan men nou. N ap voye lèt remèsiman ki gen rekonpans $20 yo kèk semèn apre nou fin resevwa sondaj ranpli an.

    Si ou te reponn sondaj la epi ou pa resevwa lèt remèsiman, tanpri rele 833-883-0189 (gratis) oswa voye yon imèl pou info@nycnws.org pou pale ak yon reprezantan sondaj la. Se yon sèl moun pa fanmi ki kalifye pou resevwa rekonpans $20 anplis la poutèt li reponn sondaj la.

  • Ou ka reponn sondaj la nan lang anglè, panyòl, chinwa tradisyonèl, chinwa senplifye, kreyòl ayisyen, ak ris. Si yo chwazi fanmi ou pou patisipe nan sondaj la epi ou bezwen èd pou reponn sondaj la nan youn nan lang sa yo, rele 833-883-0189 (gratis) oswa voye yon imèl pou info@nycnws.org pou pale ak yon reprezantan sondaj.

  • Si ou ta renmen reponn sondaj la an chinwa tradisyonèl, chinwa senplifye, kreyòl ayisyen, oswa ris, lèt envitasyon w lan ap bay enstriksyon sou kijan pou reponn sondaj la sou entènèt.

    Si w ap reponn sondaj la nan lang anglè oswa panyòl epi ou resevwa yon kòd sondaj nan yon kat postal oswa nan yon lèt, ou dwe tape kòd sa a sou sit entènèt yo ba ou a pou reponn sondaj la sou entènèt.

  • Chak fanmi yo chwazi ap resevwa de (2) envitasyon ak de (2) rapèl sou kat postal pou yo reponn sondaj la. W ap resevwa kourye sa yo menm si ou deja reponn sondaj la. Si gen yon moun lakay ou ki reponn sondaj la, l ap resevwa yon lèt ki gen yon lòt rekonpans $20 kòm remèsiman pou patisipasyon ou.

  • Repons ou yo konfidansyèl epi y ap sèvi pou rechèch sèlman. Yo p ap janm sèvi ak non ou ni ak lòt enfòmasyon ki ka pèmèt idantifye ou ni yo p ap mete yo nan okenn analiz oswa rapò. Y ap kenbe non ak lòt enfòmasyon idantifikasyon patisipan yo separe de repons sondaj la. Ap gen anpil restriksyon pou jwenn non ak enfòmasyon idantifikasyon patisipan yo. Tout analiz done sondaj la ap fèt avèk ansanm done ki pa gen enfòmasyon idantifikasyon sou patisipan yo.

  • Y ap analize rezilta sondaj la pou kreye rapò sou sante moun New York yo pa minisipalite epi pa kominote. Depatman Sante NYC an, CUNY SPH, ak òganizasyon kominotè yo pral sèvi ak done yo pou detèmine kisa kominote nou yo bezwen, idantifye nouvo fason pou reponn bezwen sa yo, epi pote enfòmasyon pou desizyon sou finansman ak politik yo.

  • Si ou gen kesyon sou yon sondaj ou resevwa pa lapòs, oswa si ou bezwen èd pou reponn NYC Neighborhood Wellness Survey a, rele 833-883-0189 (gratis) oswa voye yon imèl pou info@nycnws.org pou pale ak yon reprezantan sondaj.